Accessibility links

Breaking News

Israel Lanse Frap Aeryen sou Gaza

Palestinians burn tires and wave the national flag during a protest against Israeli military raid in the West Bank city of Jenin, along the border fence with Israel, in east of Gaza City Jan. 26, 2023.

Israel lanse frap aeryen sou Gaza jodi vandredi a kòm repons pou atak ak wokèt ke militan te lanse nan teritwa palestinyen an.

Boukantay tire sa a fèt pandan gen tansyon k ap ogmante apre yon atak kote fòs israelyen yo te touye 9 moun nan Sisjòdani okipe.

Lame israel fè konnen li lanse pou pi piti 2 seri frap ki te vize militan Jihad Islamik ki te swadizan tire sou plizyè Israelyen.

Pa gen nouvèl sou moun ki ta blese nan okenn nan 2 kan yo. Israel fè konnen sistèm defans li te bare pifò nan wokèt ki te soti Gaza.

XS
SM
MD
LG