Accessibility links

Breaking News

Diskou Joe Biden nan Peyi Polòy


Biden US Poland
Biden US Poland

Touswit apre yon vizit sanzatann nan kapital Ikrèn nan, Kyèv, Prezidan Etazini Joe Biden te nan peyi Polòy madi pou fè yon diskou ke anpil moun t ap atann, etan nan chato wayal istorik ki nan kapital peyi a, Vasovi.

Diskou a ap make envazyon LaRisi nan Ikrèn nan nan ensiste sou jan Etazini ini l-OTAN ak loksidan pou sipòte sa li rele efò Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy pou defann peyi li.

Jake Sullivan, Konseye Mezon Blanch sou Sekirite Nasyonal, di diskou a ta bati sou pawòl ke Biden te di menm kote a an Mas ane pase e ta reponn prensipal kesyon yo sou sipò l-OTAN ak Etazini pou Ikrèn.

Minis Afè Etranjè chinwa Qin Gan nan yon diskou madi eksprime gwo kè-sote sou posiblite pou konfli Ikrèn nan pèdi kontwòl.

« Nou ekzòte sèten peyi pou yo touswit sispann mete gazolin sou dife a, » se pawòl Qin.

Li pale konsa yon jou apre Etazini ak Inyon Ewòp la te avèti lendi ke ap gen konsekans si LaChin ede fòs ris yo nan Ikrèn nan ba yo zam pou touye moun.

XS
SM
MD
LG