Accessibility links

Breaking News

Larisi: 2 Chanm Palman yo Apwouve Desizyon Putin Pran Pou Sispann Patisipasyon Nan Akò START la


Russian President Vladimir Putin delivers his annual address to the Federal Assembly in Moscow, Russia, Feb. 21, 2023. (Sputnik/Ramil Sitdikov/Kremlin via Reuters)
Russian President Vladimir Putin delivers his annual address to the Federal Assembly in Moscow, Russia, Feb. 21, 2023. (Sputnik/Ramil Sitdikov/Kremlin via Reuters)

Tou 2 chanm yo nan palman LaRisi a apwouve mèkredi desizyon Prezidan Vladimir Putin pou sispann patisipasyon Moskou nan nouvo trete nikleyè Start la ak Etazini, kòm repons pou alyans loksidan ki gen Etazini nan tèt li k ap ame Ikrèn pou konbat envazyon LaRisi a ki la depi yon lane.

Se nan diskou sou eta nasyon an madi Putin anonse ke peyi li sispann patisipe nan dènye trete zam nikleyè ak Etazini ki te rete a. Akò a, ki gen pou rive nan bout li an 2026, limite chak nan 2 peyi yo pou yo pa deplwaye plis pase mil 550 tè nikleyè.

Putin di LaRisi pa ka aksepte pou Etazini fè enspeksyon nan sit nikleyè li nan kad akò a pandan Washington ak alye li yo nan l-OTAN vle wè defèt LaRisi nan Ikrèn. Men Ministè afè Etranjè ris la di peyi li ap respekte limit sou kantite zam nikleyè ke trete a te fikse a.

Prezidan Etazini Joe Biden, ki t ap pale nan Vasovi, kapital peyi Polòy, kalifye desizyon Putin pou sispann akò nikleyè a kòm yon « gwo erè ».

Dmitri Medvedev, asistan chef Konsèy Sekirite LaRisi a ki gen Putin nan tèt li, di mèkredi sispansyon akò a se yon siy ke Moskou pare pou sèvi ak zam nikleyè pou defann tèt li.

XS
SM
MD
LG