Accessibility links

Breaking News

Yon Posib Rankont ant Sekretè Deta Ameriken Blinken ak Prensipal Diplomat Chinwa Wang Yi


Etazini ap pare pou yon posib rankont ant Sekretè Deta Anthony Blinken ak prensipal diplomat chinwa Wang Yi pandan yon konferans sou sekirite rejyonal ann Ewòp ap dewoule, vandredi sa a, se sa yon sous diplomatik konfime pou LaVwadlamerik a kondisyon pou non l pa site.

Rankont la, pandan Konferans Munich sou Sekirite a ap dewoule, kapab se premye rankont fas a fas ant 2 prensipal diplomat yo depi Etazini te desann yon balon espyon chinwa, nan komansman mwa sa a. Ensidan an te lakoz Blinken ranvwaye yon vwayaj nan Peken.

Blinken te di Wang Yi nan yon kout telefòn 3 Fevriye ke balon an, se pa “aksyon moun serye e ke se yon vyolasyon souverènte Etazini ak lalwa entènasyonal.”

XS
SM
MD
LG