Accessibility links

Breaking News

Etazini Avèti li Pral Defann Filipin Apre Lachin te Itilize Lazè Kont Gad Kòt li


MANILA, Filipin (AP) — Etazini te renouvle avètisman li ke li pral defann Filipin anba yon trete yo genyen si fòs Filipin yo tonbe anba atak nan mitan gwo diskisyon ki genyen sou kiyes ki mèt zile nan Sid Lachin.

Deklarasyon an te fèt apre otorite yo nan Filipin te akize Lachin deske yo te itilize lazè sou yon bato patwouy li, sa ki te vin rann kèk nan ekipaj li yo avèg.

Depatman Deta Ameriken an di "konpòtman operasyon danjre Lachin ap menen an nan menase dirèkteman lapè ak estabilite nan rejyon an."

Prezidan Ferdinand Marcos Jr. te konvoke anbasadè Chinwa a madi pou l eksprime enkyetid sou sitiyasyon grav sa a.

Lachin reklame tout pati Sid nan Lanmè Lachin, sa ki kreye diskisyon ak lòt moun ki fè reklamasyon.

Fòs Chinwa yo jwenn akizayon deske yo te itilize lazè deja kont avyon militè Ostralyen ki tap fè patwouy nan pati sid nan lanmè Lachin nan.

XS
SM
MD
LG