Accessibility links

Breaking News
Azi

Filipin Di Bato Lachin te Itilize Lazè Kont Gad Kòt Li


MANILA, Filipin (AP) — Otorite peyi Filipin akize yon bato gad kòt Chinwa a kòmkwa li ta frape yon veso gad kòt Filipin ak yon lazè militè e aksyon sa te tanporèman avègle kèk nan manm ekipaj li yo.

Dapre Filipin, bato Chinwa a te manevwe yon fason pou bloke veso patwouy Filipin nan ki tap apwoche sou youn nan zile ki kreye diskisyon depi kek tan sou kiyes ki met li.

Filipin te depoze prèske 200 plent diplomatik pou manifeste kont aksyon agresif ke Lachin poze nan ane ki sot pase yo.

Lachin reklame tout pati Sid nan Lanmè Lachin, sa ki kreye diskisyon ak lòt moun ki fè reklamasyon.

Yon ofisyèl Filipin di se premye fwa Lachin itilize lazè kont pèsonèl peyi l. Lachin te reponn e li akize Filipin deske li te antre nan dlo teritoryal li.

XS
SM
MD
LG