Accessibility links

Breaking News

Biden Sanble Gen Entansyon Bay yon Repons Mezire Sou Balon Chinwa a


Malgre gwo presyon ke opozisyon Repibliken an mete sou li, Prezidan Joe Biden sanble gen entansyon kenbe yon repons mezire pou balon chinwa ki te travèse Etazini kontinantal, nan koumansman mwa a.

Sanble ki kalibre repons la yon jan pou evite eskalad ak yon 2èm gwo advèsè pandan administrasyon li a ap fè fas ak lagè LaRisi nan Ikrèn nan k ap kouri sou yon lane.

John Kirby, ki se kòdonatè Konsèy Sekirite Nasyonal pou kominikasyon estratejik, di jounalis madi ke dram balon an pa chanje entansyon administrasyon an ki vle evite yon konfli e kontinye chache liy ouvè pou kominike ak LaChin.

Anyen pa chanje nan dezi prezidan an pou li « fè vanse relasyon sa a pou mete li nan yon meyè pozisyon ke jan li ye kounyea,” se pawòl Kirby.

Tou sa malgre Repibliken yo reklame yon repons pi du ak LaChin.

Tansyon Etazini ak LaChin wo depi dekouvèt balon chinwa ke Biden te òdone pou desann nan 4 Fevriye.

XS
SM
MD
LG