Accessibility links

Breaking News

Etazini Pa Konnen Orijin 3 Objè Ki Li Te Desann yo


baloon
baloon

Etazini fè konnen madi li pa konnen orijin 3 objè ki t ap vole wo nan syel la ke li te desann nan jou ki pase yo lè van te pote yo sou rejyon Nò Amerik la.

Gouvènman an di li pa kwè ke objè sa yo t ap fè espyonaj, men li pa ekate posiblite ke yo ka te vini pou sa.

« Yo pa te gen motè ki pouse yo, » dapre sa pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal John Kirby te di jounalis nan Mezon Blanch. « Pa te gen anyen pou dirije yo. Yo pa te gen kapasite pou fè siveyans, men posiblite a la. »

Kirby ajoute: « Se yon bagay ki yon jan nouvo pou nou.»

Li di ke kèk pati nan 3 objè yo al tonbe “nan zòn rekile, kote li difisil pou nou rive » - nan glas nan eta ameriken Alaska, nan teritwa Yukon nan nòdwès Kanada e nan fon Lak Huron sou fwontyè Etazini ak Kanada.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin di sa ki enpòtan pou Pentagòn nan se « jwenn debri yo pou nou ka gen plis chans pou konprann sa bagay sa yo ye. »

Kirby refize pale de objè yo kòm balon.

XS
SM
MD
LG