Accessibility links

Breaking News

Pandan Bwi ap Sikile Ozetazini sou Balon, OVNI, Otorite yo Pa Di Krik


Nan foto sa a ke Fos Naval Etazini pibliye matlo prepare materyo yo rekipere tou pre kot vil Myrtle Beach, Kawolin di Sid nan oseyan Atlantik la, 10 Fevriye 2023.
Nan foto sa a ke Fos Naval Etazini pibliye matlo prepare materyo yo rekipere tou pre kot vil Myrtle Beach, Kawolin di Sid nan oseyan Atlantik la, 10 Fevriye 2023.

Otorite Ameriken yo pa bay anpil detay sou 4 obje yo tire e desann sou Amerik di No a sa pa gen lontan. Kidonk moun ap lanse teyori konplo epi spekile sou kisa obje sa yo ye.

Gen yon deklarasyon ki popile kap sikile sou rezo sosyal yo - san okenn prev - ki di Etazini te deplwaye kek aparey nan syel la pou kraponnen epi distre pep Ameriken an.

Met sou sa, moun ap chache kou loko sou entenet la "OVNI" Obje volan non-idantifye. Gen kek moun ki sigjere obje avyon yo desann yo sete aparey ki soti nan yon lot planet.

Responsab yo di yo sispek premye obje a sete yon balon siveyans Chinwa. Sepandan yo pa bay okenn detay sou ki kote 3 lot obje yo desann te soti ni ki objektif yo tap pousuiv.

Sa lakoz anpil pale anpil sou entenet la.

XS
SM
MD
LG