Accessibility links

Breaking News

Manifestan Brezilyen Mande Lajistis Mete Moun Ki Patisipe nan Emet yo nan Prizon


Manifestan kenbe yon banye ki di an Potige "Nou se Demokrasi" pandan yon manifestasyon pou mande pou pwoteje demokrasi peyi a, nan Sao Paulo, Brezil, 9 Janvye 2023.
Manifestan kenbe yon banye ki di an Potige "Nou se Demokrasi" pandan yon manifestasyon pou mande pou pwoteje demokrasi peyi a, nan Sao Paulo, Brezil, 9 Janvye 2023.

Plizyè Milye manifestan pran lari Rio de Janeiro ak Sao Paolo kote yo rele byen fò "Amnisti Non" Lendi apre yon emet kote yon foul move kou kong te anvayi biwo leta nan kapital la Dimanch pou eseye remete ansyen Prezidan Jair Bolsonaro sou pouvwa a.

Pawòl sa yo fè moun sonje lwa amnisti ki pwoteje depi dè dizèn ane, militè ke yo te akize kòm kwa yo te abize epi asasinen moun pandan rejim diktati ki te dirije peyi a ant 1964 ak 1985.

Minis Jistis Flavio Dino sèmante pou'l trennen devan lajistis, tout moun ki te apiye epi ankouraje manifestan yo sou rezo sosyal yo epi ba yo lajan pou komèt krim, oganize kou deta, epi opoze gouvènman demokratikman eli a.

Minis la di otorite yo pral mennen ankèt sou akizasyon ki di manm fòs sekirite lokal yo te pèmèt manifestan yo detwi pwopriyete san yo pat fè anyen pou fè yo sispann.

XS
SM
MD
LG