Accessibility links

Breaking News

Brezil: Konfwontasyon Ant Lapolis ak Bolsonaris yo Devan Kongrè a


BRAZIL-POLITICS-BOLSONARO-SUPPORTERS-DEMONSTRATION
BRAZIL-POLITICS-BOLSONARO-SUPPORTERS-DEMONSTRATION

Lapolis brezilyen te itilize gaz lakrimojèn dimanch pou eseye repouse plizyè santèn patizan ansyen prezidan Jair Bolsonaro ki te rasanble devan Kongrè a nan Brasilia, yon semèn apre prezidan Luiz Inacio Lula da Silva te prete sèman.

Otorite yo fèmen zòn ozalantou Kongrè a, men Bolsonaris yo, ki refize aksepte eleksyon Lula yo, te rive kraze kòdon sekirite yo e plizyè douzèn nan yo te rive monte ranp bilding sa a epi okipe do kay la.

XS
SM
MD
LG