Accessibility links

Breaking News

Lula da Silva Pran Pouvwa a Pou Yon 3èm Fwa


LULA DA SILVA
LULA DA SILVA

Nan Brezil, Luis Inacio Lula da Silva prete sèman nan kapital la Brazilia kòm prezidan peyi a, kote li pran pouvwa pou 3èm fwa apre li te fin bat prezidan ki te sou pouvwa-a Jair Bolsonaro ki t ap chache re-eli.

Lula te prezidan soti an 2003 pou 2010. Fwa sa a, li dechouke Bolsonaro. Peyi a divize, kote fanatik Lula ap rejwi e sipòtè Bolsonaro move kou kong.

Prezidans Lula da Silva ka dewoule menm jan ak 2 manda li te gen deja yo, apre kous prezidansyèl ki te pi sere depi 3 dizèn lane nan Brezil, kote l ap fè fas ak rezistans bò kote kèk opozan.

XS
SM
MD
LG