Accessibility links

Breaking News

Patizan Bolsonaro yo Anvayi Palman Brezilyen an


Patizan ansyen prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro anvayi Palman Nasyonal la nan Brasilia, kapital peyi Brezil, Dimanch 8 Janvye 2023.
Patizan ansyen prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro anvayi Palman Nasyonal la nan Brasilia, kapital peyi Brezil, Dimanch 8 Janvye 2023.

Patizan ansyen Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro yo, ki derefize aksepte defèt li nan eleksyon an, anvayi Palman an, Kou Siprèm ann ak Palè Prezidansyèl la nan kapital la, Brasilia.

Dezod la vini yon semèn apre rival gochis Bolsonaro a, Luiz Inacio Lula da Silvwa prete sèman kom nouvo prezidan Brezil.

Dè milye manifestan pa okipe kodon lapolis mete an plase, e yo monte sou tèt kay, kraze fenèt epi anvayi tou le 3 bilding yo ki konekte youn ak lot e ki sitye sou plas Twa Pouvwa yo.

Gen kèk manifestan ki mande yon entèvansyon militè pou retabli prezidan zèl dwat Bolsonaro sou pouvwa a.

Rezo televizyon Globo News montre manifestan kap sikile andedan palè prezidansyèl la. Anpil nan yo te gen mayo jon ak vèt sou yo, ki se koulè drapo nasyonal la epitou ki vinn tounen senbol gouvènman Bolsonaro a.

XS
SM
MD
LG