Accessibility links

Breaking News

Bolsonaro ap Viv Florid nan Moman Brezil ap Fè Fas ak Emet


Yon machin polis fe patwouy woutin pandan patizan ansyen Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro ki abite nan menm katye ave l tann devan kay li 9 Janvye 2023 nan Reunion. Florid.
Yon machin polis fe patwouy woutin pandan patizan ansyen Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro ki abite nan menm katye ave l tann devan kay li 9 Janvye 2023 nan Reunion. Florid.

Nan moman Brezil ap eseye reprann ni apre foul moun move kou kont anvayi syèj pouvwa a, ansyen prezidan an limenm ap viv nan yon vil vakans nan eta Florid, kote yon bann patizan te bat bravo pou li.

Jair Bolsonaro, ki te entène lopital akoz yon doulè nan vant Lendi. Swe poutèt sa patizan li yo ak fanatik li yo te ale nan kominote kote lap viv la pou swete li bon chans. Kominote sa a sèvi kom rezidans pwovizwa misye.

Anvan li te entène lopital, foul manifestan move kou kont ki se patizan li te anvayi Palman an, kou Siprèm nan ak Palè Prezidansyèl la nan vil Brasilia.

Men nan Florid, moun te ka wè Bolsonaro ap monte desan nan yon sipèmache ki rele Publix, ap manje nan restoran poul fri KFC pandan ke fanatik ki renmen l a mò te antoure li.

XS
SM
MD
LG