Accessibility links

Breaking News

Atis K-Pòp, 8 Lòt Moun Pral Akonpaye Milyadè Japonè Maezawa nan Lalin


Foto Achiv: Milyade Japone Yusaku Maezawa pandan yon konferans pou lapres nan Moskou, Larisi, 14 Oktob, 2021.
Foto Achiv: Milyade Japone Yusaku Maezawa pandan yon konferans pou lapres nan Moskou, Larisi, 14 Oktob, 2021.

Vedèt K-Pòp T.O.P. se youn pami 8 moun milyadè Japonè Yusaku Maezawa di pral akonpaye li sou yon vol alantou Lalin nan abo yon navèt SpaceX ane pwochèn.

Maezawa anonse nouvèl la sou Twitter ak sou sit entènèt dearMoon Project la Vandredi.

Milyadè a di li te rankontre Elon Musk vityèlman e ke lap planifye yon "anons enpotan sou lespas."

8 moun ki pral akonpaye l sou se T.O.P. yon rapè Koreyen, DJ Ameriken Steve Aoki, sineyas Brendan Hall, ak enfluansè YouTube Ameriken Tim Dodd. Gen tou, fotograv Britanik Karim Illiya, aktè Endyen Dev Joshi, Atis Tchèk Yemi AD epi fotograf Irlandè Rhiannon Adam. Gen 2 vedet adisyonel li chwazi sizoka youn nan moun sa yo paka vwayaje. Yo se: snowboarder Olenpik Amerikèn Kaitlyn Farrington epi dansè Japonè Miyu.

Milyadè Japonè a te lanse plan pou l vwayaje nan Lalin an 2018, e li te achte tout syèj abo navèt la. Li te komanse aksepte aplikasyon moun toupatou nan mond lan voye ba li pou rejwenn ni, apati Mas 2021, pou sa ki pral dezyèm vwayaj li nan lespas.

Misye te pase 12 jou abo Stasyon Spasyal Entènasyonal la ane pase a. Li te pran woulib ak yon navèt spasyal Ris Soyuz pou ale nan stasyon an.

XS
SM
MD
LG