Accessibility links

Breaking News

Yon Pati nan Fize SpaceX Pwal Kraze sou Lalin an Mas

FILE - This NASA handout file photo taken Feb. 11, 2015, shows NOAA's DSCOVR satellite launching from Cape Canaveral Air Force Station in Florida. A chunk of a SpaceX rocket that blasted off seven years ago and was abandoned in space after completing its

Yon pati nan fize SpaceX ki te dekole kite tè-a sa gen 7 lane e ke yo te abandone nan lespas apre li te fini misyon li, pwal kraze sou lalin nan mwa Mas k-ap vini-an, dapre kèk ekspè.

Fize a te pati an 2015 pou li pote nan òbit latè yon satelit NASA ki rele Deep Space Climate Observatory (DSCOVR), Obsèvatwa pou Klima nan Fon Lespas.

Depi lè a, 2èm pati fize-a, ki rele boustè, ap flote nan sa matematisyen rele yon òbit an dezòd, se sa astwonòm Bill Gray di Ajans France Presse mèkredi.

Se Gray ki te kalkile ke debri nan lespas ta pwal fè kolizyon ak lalin nan.

Boustè-a te pase pre anpil ak lalin nan, nan mwa Janvye sa-a, nan yon rankont ki te fè chanjman nan òbit lalin nan, pou repete pawòl Gray.

XS
SM
MD
LG