Accessibility links

Breaking News

SpaceX Lanse 52 Satelit Starlink nan Lespas depi Baz li nan Kalifoni


Yon fize SpaceX dekolel nan Baz Fos Lespas Etazini an nan Vandenberg, eta Kalifoni, 18 Dec. 2021.
Yon fize SpaceX dekolel nan Baz Fos Lespas Etazini an nan Vandenberg, eta Kalifoni, 18 Dec. 2021.

Yon fize SpaceX ki tap transpote 52 satelit entenet Starlink nan orbit teres la pran direksyon lespas depi baz li nan Kalifoni.

Fize Falcon 9 la ki gen 2 pati ke yo rele "etap" dekole depi baz Fos Lespas Etazini a nan Vandenberg, eta Kalifoni a 4:41 maten Samdi.

Premye etap fize a retounen sen e sof abo yon batodron SpaceX la ki tap tann ni nan lanme.

Se 11em lansman SpaceX fe ane sa a. Dezyem etap fize a pral kontinye pouse pou orbit teres la kote li va deplwaye satelit yo.

Starlink se yon sistem entenet global ki mache ak satelit, ke SpaceX pase plizye zane ap konstwi pou dispoze akse entenet pou peyi sou devlope yo toupatou nan mond lan. Genyen kounyea 2,000 satelit Starlink nan orbit teres la.

XS
SM
MD
LG