Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen an Pwopoze Pou Sanksyone Plizyè Ofisyèl, Bank ak Endistri Ris


Ursula fon der Lajen, Šarl Mišel i Edi Rama na završnoj konferenciji za novinare u Tirani
Ursula fon der Lajen, Šarl Mišel i Edi Rama na završnoj konferenciji za novinare u Tirani

BRUXELLES (AP) — Inyon Ewopeyen an pwopoze pou mete entèdiksyon vwayaj ak jele byen prèske 200 lòt ofisyèl Ris ak ofisye militè ris.

Pwopozisyon sa fè pati yon nouvo seri sanksyon ki vize ogmante presyon an sou Moskou akoz lagè li ap menen nan Ikrèn nan.

Se branch egzekitif Inyon Ewopeyen an ki te fè pwopozisyon sa yo te Mèkredi. Sa ke wo plase yo pwopoze a dwe diskite ak peyi manb yo, e pwopozisyon an ta dwe andòsman 27 peyi manm.

Objektif sanksyon yo vize sanksyone minis ki nan gouvènman yo, lejislatè yo, gouvènè rejyonal yo ak pati politik yo.

Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, te di lis la "gen non pesonaj kle ki te patisipe nan atak misil malouk ke Larisi te lanse kont sivil yo, epi kidnaping timoun Ikrenyen yo, ak pou vòl pwodwi agrikòl Ikrenyen yo."

XS
SM
MD
LG