Accessibility links

Breaking News

Putin Deklare Larisi Deplwaye Nan Ikrèn 150,000 Sòlda yo te Rekrite


FILE - Recruits listen to an instructor standing atop of a tank during a military training at a firing range in the Rostov-on-Don region in southern Russia, Oct. 4, 2022.
FILE - Recruits listen to an instructor standing atop of a tank during a military training at a firing range in the Rostov-on-Don region in southern Russia, Oct. 4, 2022.

Prezidan Vladimir Putin anonse Mèkredi, ke Larisi te deplwaye prèske mwatye nan sivil ke yo te mobilize pou operasyon militè yap mennen nan Ikrèn nan.

Nan dat 21 septanm 2022 a plis pase 200,000 moun nan lame Ris la mobilize apre Putin te lanse anons pou mobilizasyon militè nan peyi a pou al batay nan Ikrèn.

Dapre Putin apeprè 150,000 sòlda, deja deplaye nan Ikrèn.

"Nan 300,000 konbatan nou mobilize pou al defann patri a, 150,000 nan yo nan zòn operasyon an".

Putin te fè deklarasyon sa yo pandan yon reyinyon televize, e li ajoute ke 77,000 nan nouvo militè yo deplwaye dirèkteman nan konba.

XS
SM
MD
LG