Accessibility links

Breaking News

Pwokirè Tribinal Entènasyonal CPI Opoze Plan Inyon Ewopeyen Pou Yon Tribinal Espesyal Pou Lagè Ikrèn nan


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Pwokirè an chèf nan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la CPI denonse yon pwopozisyon ke Inyon Ewòp la fè kote yo mande pou kreye yon tribinal espesyal ki ap gen apwi Nasyonzini pou pouswiv krim lagè ki fèt nan Ikrèn.

Karim Khan te deklare Lendi ke yo kont plan Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen te anonse semèn pase a kote li mande pou tabli yon tribinal espesyal pou pouswiv envazyon Larisi a nan Ikrèn.

Khan di CPI kapab envestige krim lagè ki komèt nan Ikrèn, ki gen ladan pouswiv anpil gwo politisyen.

CPI ki baze nan vil La Hè te lanse yon ankèt sou krim lagè nan Ikrèn men li pa ka pouswiv peyi Larisi pou envazyon Ikrèn nan.

Se paske Larisi pa fè pati de peyi siyatè trete a ki te kreye tribinal sa a.

XS
SM
MD
LG