Accessibility links

Breaking News

Snowden Gen Yon Paspò Ris Kounyea


Edward Snowden Book Lawsuit
Edward Snowden Book Lawsuit

Ajans nouvèl Ris yo fè konnen ansyen kontraktè nan sèvis entèlijans Ameriken an Edward Snowden, ki te kouri kite Etazini pou pèsekisyon apre li te revele yon pwogram siveyans trè klasifye, kounyea gen yon paspò Ris e li te prete sèman pou jwenn sitwayènte Ris.

Avoka Anatoly Kucherena te di ke Snowden te resevwa paspò a epi li te fè sèman Jedi, apeprè 3 mwa apre Prezidan Ris Vladimir Putin te akòde li sitwayènte.

Rapò sa pa presize si Snowden te renonse sitwayènte ameriken li.

Lèzetazini te revoke paspò li an 2013, sa ki lakòz Snowden te bloke nan yon ayewopò Moskou pou plizyè semèn apre li te soti Hong Kong, kote li te vize pou li ale nan peyi Ekwatè.

Larisi te finalman akòde l rezidans pèmanan. Mandan m li se Lindsay Mills. Yo te marye an 2017 e koup la gen 2 timoun.

XS
SM
MD
LG