Accessibility links

Breaking News

Sergey Lavrov Deklare Etazini ak LOTAN Enplike Dirèkteman nan Konfli Ikrèn nan


Indonesia G20
Indonesia G20

MOSCOU (AP) — Minis afè etranjè Larisi a akize peyi Lwès yo pou patisipasyon dirèk nan konfli Ikrèn nan. Dapre li, yo bay Ikrèn zam ak patisipe nan fòmasyon sòlda li yo.

Minis Zafè Etranje a Sergey Lavrov te di tou ke atak Larisi yo sou enstalasyon enèji Ikrenyen yo ak lòt enfrastrikti yo te gen entansyon pou febli fòs militè Ikrèn nan a ak pou bloke livrezon zam peyi Lwès yo ap fè yo.

Pi gwo diplomat Larisi a te deklare ke atk yo te gen entansyon pou "anpeche fasilite lo te genyen nan livrezon ekipman bay Ikrèn, se sa ki koze nou ap detwi sistèm enèji yo."

Ikrèn ak peyi Lwès yo akize Larisi deske li te vize enfrastrikti yo yon fason dapre yo pou kraze moral pèp Ikrenyen yo ak fòse gouvènman an nan Kyiv chita pale lapè jan Moskou vle l la .

XS
SM
MD
LG