Accessibility links

Breaking News

Blinken: " Putin Pral Itilize Fredi a Kont Ikrèn"


U.S. Secretary of State Antony Blinken speaks at a press conference during a meeting of NATO foreign ministers, at the Palace of the Parliament of Romania in Bucharest, Nov. 30, 2022.
U.S. Secretary of State Antony Blinken speaks at a press conference during a meeting of NATO foreign ministers, at the Palace of the Parliament of Romania in Bucharest, Nov. 30, 2022.

Apre yon rankont ak tokay li yo nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik li ki te fèt nan Bucharest, Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di alye Lwès ke yo pral ede Ikrèn repare enfrastrikti enèji li yo, ki te andomaje apre anpil atak aeryen Larisi te fè.

Nan menm rankont sa Bliken fè konnen yap bay Kyev mwayen pou defann tèt li kont atak ris yo.

Blinken di tou li kwè: "pou kapap defye endepandans Ikrèn (Vladimir Putin) pral eseye trennen Ikrèn yon konfli pandan peryod fredi a " pandan twoup ris yo pral eseye "konsève pwogrè yo, repoze ak re-ekipe fòs li yo, epi re atake ankò".

XS
SM
MD
LG