Accessibility links

Breaking News

Anbasad Etazini an Espay Resevwa yon Koli Pyeje


Polisye an Espay kanpe deyen yon kodon lapolis nan zon ki sitye bo kote Anbasad Etazini nan Madrid, Jedi 1 Desanm, 2022.
Polisye an Espay kanpe deyen yon kodon lapolis nan zon ki sitye bo kote Anbasad Etazini nan Madrid, Jedi 1 Desanm, 2022.

Otorite peyi Espay di yo dekouvri yon anvlòp sispèk nan Anbasad Etazini nan Matrid la. Lapolis sote li.

Dekouvèt la Jedi, vini apre lapolis rapòte yon vag koli pyeje ke plizyè anbasad resevwa semèn sa a. Pami yo gen youn ki sote nan Anbasad Ikrèn Mèkredi epi blese yon moun.

Lapolis di gen lòt koli pyeje ke yo dekouvri nan lapòs pandan 2 jou ki pase yo, ki te gen adrès Ministè Defans Espay sou li. Yon lòt te destine pou sant satelit Inyon Ewòp la an Espay, epi yon faktori zam ki fabrike grenad ke yo voye bay Ikrèn.

Otorite yo pa rapòte okenn lòt blese.

XS
SM
MD
LG