Accessibility links

Breaking News

Biden Akeyi Macron nan Lamezonblanch


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden akeyi Prezidan Franse a, Emmanuel Macron ak madanm ni Brigitte Macron nan Lamezonblanch, Jedi 1 Desanm, 2022.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden akeyi Prezidan Franse a, Emmanuel Macron ak madanm ni Brigitte Macron nan Lamezonblanch, Jedi 1 Desanm, 2022.

Prezidan Joe Biden ak Emmanuel Macron ap selebre relasyon ki egziste depi lontan ant Etazini ak La Frans. Malgre yo se 2 alye ki pwoch gen diferans tou.

Lidè Franse a pa kache mekontantman li ak kèk aspè lwa Biden nan sou chanjman klimatik ke Macron di pral gen yon gwo enpak negatif sou konpayi Ewopeyen yo.

Biden akeyi Macron nan Lamezonblanch Jedi pou yon vizit ki pral fini ak premye dine d eta administrayon Biden nan.

Macron di klèman ke limenm ak lot lidè Ewopeyen yo gen anpil kè sote pa rapò ak inisyativ Ameriken ki favorize teknoloji ak machin elektrik Ameriken.

XS
SM
MD
LG