Accessibility links

Breaking News

Biden, Macron Pare pou Diskite sou Ikrèn, Komès pandan yon Vizit Ofisyèl


Foto Achiv: Prezidan Franse a Emmanuel Macron (a goch) pale ak Prezidan Jode Biden pandan yon dine lide G7 yo nan Elmau, Almay, 26 Jyen 2022.
Foto Achiv: Prezidan Franse a Emmanuel Macron (a goch) pale ak Prezidan Jode Biden pandan yon dine lide G7 yo nan Elmau, Almay, 26 Jyen 2022.

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron ap premye envite nan premye dine d eta ofisyèl prezidans Joe Biden nan. Li gen pou'l rive Washington Madi swa.

Evenman an semèn sa a, reprann diplomasi ke Etazini te kanpe akoz pandemi COVID-19 la.

Relasyon ant Biden ak Macron amelyore anpil apre misye te monte sou pouvwa a.

Dapre responsab yo, 2 prezidan yo pral diskite sou lage Ikrèn nan epi pwoteksyonism komèsyal Etazini.

Pot pawol gouvènman Franse a, Olivier Veran, te bay jounalis yo kèk detay:

"Vizit la se yon senbol pwisan patenarya ki egziste ant La Frans ak Etazini. Macron se premye chef deta ki fe 2 vizit d eta (ofisyèl) Ozetazini."


Li ajoute: "Byen antandi konteks entenenasyonal la enpotan - gen Lage Ikren nan , sekirite alimante, chanjman klimatik, eneji ak lot kestyon enpotan antanke patne ak alye."


Veran di kestyon - "re-senkwonize ajenda Inyon Ewop ak Lezetazini fas ak kriz la poze yon defi tou." Li di pri eneji a lit kont laviche pral diskite tou. Yon gwoup biznisman ak minis va akonpaye Macron nan Washington epi ap gen yon patenarya kiltirel kap enpotan pandan vizit la tou.

Macron te raple briyevman anbasade La Frans Ozetazini ane pase a, apre Lamezonblanch te anonse yon antant pou vann Ostrali soumaren nikleye - ki te minnen yon konra La Frans te siyen ak peyi sa a pou vann ni soumaren ki mache ak gaz dizèl.

Jodia, Macron finn tounen youn nan alye pi pwoch Biden an Ewop, nan moman peyi Oksidantal yo ap travay du pou reponn envasyon Larisi fe nan Ikrèn nan.

Yon ti tan anvan depa li Macron te dejene nan Elysee a ak Konsey Afè Franko Ameriken an.

XS
SM
MD
LG