Accessibility links

Breaking News

Macron Diskite ak Maduro nan Somè COP27 la Malgre Paris pa Rekonèt Misye kòm Prezidan Venezyela


EGYPT-FRANCE-VENEZUELA-UN-CLIMATE-COP27
EGYPT-FRANCE-VENEZUELA-UN-CLIMATE-COP27

Prezidan Franse a Emmanuel Macron ak Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro te diskite lendi nan koridò somè COP27 la nan Charm el-Sheikh nan peyi Ejip, dapre imaj ke prezidans Venezyelyen an te voye bay AFP, alòske Paris pa rekonèt ofisyèlman Misye Maduro kòm prezidan peyi Amerik di Sid la.

Pandan echanj sa ki te dire anviwon yon minit trant segonn, 2 mesye yo fè pale ant yo apre sa prezidan fransè a deklare mesye Maduro: "Mwen ta kontan si nou ta ka pale youn ak lòt pi lontan, si nou te kapab kòmanse yon travay bilateral itil pou rejyon an" .

Sepandan, apre Etazini, Lafrans pa janm rekonèt ofisyèlman re-eleksyon Nicolas Maduro ki te genyen yon dezyèm manda an 2018, yo te rekonèt lidè opozisyon an Juan Guaido kòm prezidan pwovizwa peyi . Men popilarite mesye Guaido bese anpil.

Sepandan, pòt pou yon dyalòg yo rete ouvè ant 2 peyi yo, e Misye Macron dènyèman te repete dezi li pou l peyi l vin pwisans ki "ekilibre" kote yo ka chita diskite ak tout nasyon.

Lèzetazini te enpoze yon seri sanksyon sou Caracas an 2019, tankou yon anbago sou petwòl Venezyelyen.

Men, administrasyon Prezidan Joe Biden te anonse yap fè yon ti ralanti sou sanksyon sa yo nan mwa me, akoz pri enèji yo ki monte akòz operasyon espesyal milite Larisi di li ap mennen nan Ikrèn nan.

Pandan diskisyon ant 2 prezidan yo, Misye Maduro te santi ke "Lafrans ta dwe jwe yon wòl pozitif" nan Amerik Latin nan.

Nan mwa jen, pandan somè G7 la nan Almay, prezidan fransè a, ki te enkyete sou kriz enèji a, e li te mansyone "resous lòt kote ke yo ta dwe eksplore", tankou voye je gade pwodiksyon gaz yo nan peyi Iran ak Venezyela, epi konsidere ke "petwol venezwelen an dwe kapab retounen sou mache a".

Nicolas Maduro imedyatman lanse envitasyon bay konpayi fransè yo : "Prezidan Macron! Venezyela pare pou akeyi tout konpayi franse ki ta renmen vini ak pwodwi petwol ak gaz".

XS
SM
MD
LG