Accessibility links

Breaking News

Jon Batiste Pral Chante pou Macron nan Premye Dine d Eta Biden nan


Foto Achiv: Atis Jon Batiste nan gala Time100 la nan Nouyok, 8 Jyen 2022.
Foto Achiv: Atis Jon Batiste nan gala Time100 la nan Nouyok, 8 Jyen 2022.

Lamezonblanch fè konnen chantè Jon Batiste pral pèfòme Jedi nan dine d eta yo òganize pou mete aksan sou relasyon sere-sere ki egziste ant Etazini ak La Frans depi lontan epitou pou onore Prezidan Emmanuel Macron.

Yon pòtpawòl premyè dam Jill Biden di Batiste se yon atis tout jenerasyon moun renmen e mizik li non selman enspire moun men li inifye yo tou.

Batiste, ki gen 36 zan te travay resaman kòm chèf òkès ak direktè mizikal pwogram televizyon "The Late Show with Stephen Colbert".

Dine d Eta a se premye dine administrasyon Biden nan òganize e li tonbe nan kad yon vizit Macron ap fè Ozetazini.

XS
SM
MD
LG