Accessibility links

Breaking News

Macron Washington pou yon Vizit d Eta


Prezidan Franse Emmanuel Macron (goch) ak VIs Prezidan Kamala Harris pale sou kowoperasyon sou kestyon ki gen pou we ak lespas pandan yon vizit nan katye jeneral La NASA nan Washington, 30 Nov. 2022.
Prezidan Franse Emmanuel Macron (goch) ak VIs Prezidan Kamala Harris pale sou kowoperasyon sou kestyon ki gen pou we ak lespas pandan yon vizit nan katye jeneral La NASA nan Washington, 30 Nov. 2022.

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron vizite katye jeneral la NASA (Ajans Spasyal Etazini) nan Washington Mèkredi, epi li rankontre Vis Prezidan Kamala Harris.

Harris deklare: "La Frans se yon alye esansyèl pou Lèzetazini e vizit sa a montre pwisans patenarya nou, amitye nou ak kowoperasyon nou. Vreman vre tout sa fè pati bon relasyon ki egziste depi lontan ant Etazini ak La Frans - youn ki baze sou prensip demokrasi nou pataje."


Macron rive Etazini Madi swa pou yon vizit ofisyèl - se premye vizit d eta prezidans Joe Biden nan. Li make tou, yon repriz diplomasi Etazini te kanpe akoz pandemi COVID-19 la.

Macron te gen yon jounen chaje ak rankont epi parèt nan vil Washington. Ladann te gen diskisyon ak responsab administrasyon Biden yo sou eneji nikleye.

Pandan vizit li nan la NASA Macron pale de kowoperasyon bilateral sou kestyon spasyal:

"Le ou pale de lespas ak la syans sa fè pati byen antandi bon jan kowoperasyon ki egziste ant peyi nou e nou fè anpil bagay ansanm pandan ane ki pase yo e mwen kwè gen anpil lot pwojè nou ka fè ansanm. Mwen ta renmen remèsye w pèsonelman paske vreman vre le ou te vini Paris ane pase a, nou te pale pandan lontan e nou te deside ranfose kowoperasyon sa a epi lanse yon diyalog estratejik sou lespas e sa bay rezilta konkrè."

Jedi, Macron pral gen yon rankont prive ak Biden, epi apre sa yo va bay yon konferans de près ansanm nan Lamezonblanch. Prezidan franse a gen pou vizite tou Depatman d Eta ak Kongrè a, anvan limenm ak madanm ni Brigitte asiste yon dine d eta nan lonè yo.

XS
SM
MD
LG