Accessibility links

Breaking News

Minis Jistis Etazini Nomen yon Mèt Espesyal pou Jere Envestigasyon Trump yo


Foto Achiv: Jack Smith, yon avoka Depatman Jistis ki te responsab Entegrite Piblik ajans la.
Foto Achiv: Jack Smith, yon avoka Depatman Jistis ki te responsab Entegrite Piblik ajans la.

Minis Jistis Etazini Merrick Garland nomen yon mèt espesyal pou jere envestigasyon Depatman Jistis la ap mennen sou prezans dokiman sekrè lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid. Li pral jere tou ankèt ki gen rapo ak revòlt 6 Janvye a kont Capitol lan, pou ranvèse rezilta eleksyon 2020 an.

Se Jack Smith ki pral ranpli wòl sa a. Misye se yon avoka veteran ki te dirije seksyon entegrite piblik Depatman Jistis la nan Washington, e ki te yon avoka federal apre sa nan Nashville, Tennessee anba administrasyon Obama a.

Mezi a, ke Garland anonse Vandredi, vini 3 jou sèlman apre Trump te lanse ofisyèlman kanpay li pou nominasyon a la prezidans pati Repibliken an an 2024.

Depatman Jistis la dekri Smith tankou yon sitwayen ki enskri pou vote kòm "endepandan".

XS
SM
MD
LG