Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon Trump la ap Fè Fas ak Pwosè pou Fwod nan Zafè Enpo


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Wilmington, Kawolin di No, 23 Sept. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Wilmington, Kawolin di No, 23 Sept. 2022.

Pandan plizyè zane, pandan ke Donald Trump te yon vedèt televizyon e pi ta Prezidan Etazini, anpir imobilye li tap founi gwo benefis bay kèk pami responsab wo plase biznis li a, tankou pa egzanp apatman ak otomobil deluks.

Kounyea konpayi Trump la, Trump Organization, ap fè fas ak yon pwosè kriminèl pou zafè fwod nan taks.

Dapre avoka akizasyon yo, oganizasyon Trump la te patisipe nan yon konplo pandan 15 zan kote gwo chabrak li yo te kache fèy kouvri reyalite sou benefis yo te jwi pou evite peye enpo sou yo.

Avoka yo pral louvri pwosè a ak deklarasyon pa yo epi apre sa, premye tewmen yo va reponn kestyon Lendi nan Nouyòk.

Semèn pase a, yo te chwazi 12 manm jiri a ak 6 altène pou travay sou pwosè kriminèl la.

Se sèl pwosè kriminèl komisè gouvènman Manhattan nan lanse kont ansyen prezidan an apre yon ankèt ki te dire 3 zan.

XS
SM
MD
LG