Accessibility links

Breaking News

Nouyòk Ranvwaye Pwosè Kont Oganizasyon Trump la Apre yon Temwen Teste Pozitif pou COVID


Temwen Jeff McConney reponn kestyon komisè gouvènman adjwen Joshua Steinglass pandan pwose Oganizasyon Trump la nan Nouyok, 31 Oktob, 2022.
Temwen Jeff McConney reponn kestyon komisè gouvènman adjwen Joshua Steinglass pandan pwose Oganizasyon Trump la nan Nouyok, 31 Oktob, 2022.

Otorite yo kanpe pwosè kont Oganizasyon Trump la ke lajistis akize de fwod nan kestyon enpo Madi apre yon gwo chabrak konpayi a, Jeffrey McConney, ki te sipoze temwaye jodia, teste pozitif pou COVID-19.

McConney tap touse pandan li tap temwaye pi bonè nan jounen an ak Lendi, ki se jou pwosè a te tanmen nan Kou Siprèm Manhattan nan. Lè yo te fè yon poz pou dejene jodi Madi a, misye te plenyen pou di li pa santi l byen epi li teste pozitif pou COVID-19.

Jij Juan Merchan, kap jere dosye a di pwosè a pral reprann 7 Novanm si McConney fè mye. Jij la di pwotokòl tribinal la mande pou McConney, 67 an, rete an izolman pandan 6 jou.

An 2021, komisè gouvènman Manhattan nan te akize konpayi ansyen Prezidan Donald Trump la dèske li te peye gwo chabrak li yo ak benefis tankou apatman liksye, machin epi yo pat janm rapòte benefis sa yo bay otorite ki jere enpo yo. Met sou sa, lajistis akize yo dèske yo te bay manti sou benefis sa yo pou di se pat yon konpansasyon pou anplwaye yo.

XS
SM
MD
LG