Accessibility links

Breaking News

Demings Atake Rubio nan yon Deba Politik pou Pòs Senatè Eta Florid


Depite Demokrat Val Demings, ki reprezante eta Florid nan Kongre a, patisipe nan yon deba televize ak Senate Marco Rubio, yon Repibliken, nan Palm Beach County, Madi 18 Oktob, 2022.
Depite Demokrat Val Demings, ki reprezante eta Florid nan Kongre a, patisipe nan yon deba televize ak Senate Marco Rubio, yon Repibliken, nan Palm Beach County, Madi 18 Oktob, 2022.

Depite Demokrat Val Demings ki reprezante Florid nan Kongrè a atake Senatè Repibliken Marco Rubio nan premye deba li ak misye. Demmings akize Rubio dèske li bay manti tout tan.

Rubio bò kote pa li kritike Demmings poutèt li apiye ajenda ekonomik Prezidan Joe Biden nan.

Yo tou le 2 twoke akizasyon dèske yo gen atitid ekstremis sou kestyon avòtman an.

Tou le 2 politisyen yo te fè fas ak kestyon sou lavichè, dwa pou achte zam, zak vyolans ak zam, imigrasyon epi politik etranje.

Le yo te mande'l esplike pozisyon li sou kestyon avotman an Rubio te eskive kestyon sou si li ta apiye yon entèdiksyon federal sou avòtman san eksepsyon. Misye atake Demings pito ke li dekri kòm ekstremis paske li pa di ki limit sou avòtman li ta apiye limenm.

XS
SM
MD
LG