Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Anpil Ameriken Kritike Eta Demokrasi Ozetazini


Foto Achiv: Yon foul moun move kou kong e ki lwayal ak Prezidan Donald Trump rasanble devan syej Kongre a nan Washington, pou yon miting politik, 6 Janv. 2021.
Foto Achiv: Yon foul moun move kou kong e ki lwayal ak Prezidan Donald Trump rasanble devan syej Kongre a nan Washington, pou yon miting politik, 6 Janv. 2021.

Yon nouvo sondaj montre anpil adilt Ameriken rete pesimis sou eta demokrasi Ozetazini epi fason yo eli responsab yo.

Rezilta sa yo pibliye nan yon sondaj ke Associated Press fè ansanm ak NORC Sant pou Rechèch sou Zafe Piblik.

Sondaj opinyon an reflete sa Ameriken panse prèske 2 zan apre yon eleksyon prezidansyèl kote ki te gen anpil divizyon e ki te deklanche fo deklarasyon kom kwa te gen koken. Santiman sa yo te pwovoke tou yon atak vyolan kont syèj Kongrè a, Capitol la.

Sondaj la jwen gen sèlman 9% adilt Ameriken ki kwe demokrasi ap mache "ekstrèman" oswa "trè byen".

Kontrèman ak opinyon ki te anrejistre sa gen 2 zan desa, gen plis Repibliken pase Demokrat ki di demokrasi a pap mache byen ditou.

XS
SM
MD
LG