Accessibility links

Breaking News

Etazini: Depatman Jistis Gen Plan Deplwaye Ekip Obsèvatè Federal Pou Eleksyon yo


Foto Achiv: Sheila Cherfilus-McCormick tann rezilta eleksyon an nan Lauderhill, Florid, 5 Nov. 2021.
Foto Achiv: Sheila Cherfilus-McCormick tann rezilta eleksyon an nan Lauderhill, Florid, 5 Nov. 2021.

Dapre yon tradisyon ki la lontan, Depatman Jistis Etazini gen plan deplwaye ekip obsèvatè federal nan tout peyi a

nan jou eleksyon an nan mwa k ap vini an, pandan l ap ekzije FBI pou l chache apwobasyon nan wo nivo pou tout ankèt sansib politikman pou konnen si eleksyon yo korèk.

Sa kandida yo ap defann nan eleksyon 8 Novanm nan, se pa sèlman kontwòl Kongrè a, men tou se konnen si eleksyon Etazini yo lejitim – e sa se konsekans efò ansyen Prezidan Donald Trump ki te chache defèt rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 yo.

Anpil Ameriken ap poze kesyon pou konnen si yo ka fè eleksyon yo konfyans. An menm tan, gen nouvo lwa ke Repibliken yo pase nan eta ke yo kontwole yo, ki mete barye pou moun k ap vote, dapre defansè dwa elektè yo, sa ki pouse Depatman Jistis defye nouvo mezi yo nan tribunal.

Divizon Dwa Sivik la antreprann yon travay enpòtan pou pwoteje dwa pou moun vote pandan tout ane a, e travay ane sa a ap kontinye tradisyon ki la depi lontan an nan Depatman Jistis-la.

XS
SM
MD
LG