Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Julia Pare pou Frape Nikaragwa


Tanpet Twopikal Julia, Samdi 8 Oktob, 2022.
Tanpet Twopikal Julia, Samdi 8 Oktob, 2022.

Tanpèt Twopikal Julia fòme nan lanmè Karayib la e sa lakoz meteyowolojis yo lanse avètisman pou Nikaragwa ak zile Kolonbyen yo.

Julia pote avè l van kap soufle ak yon vitès 64 kilomèt alè e lap deplase nan direksyon wès la ak yon vitès 29 kilomèt alè.

Move tan an te sitye a yon distans 724 kilomèt ak zile Providencia nan peyi Kolonbi.

Gouvènman Nikaragwa lanse avètisman bay moun kap viv ant Laguna de Perlas ak Puerto Cabezas pou di gen posibilite pou yon Siklòn frape yo.

Meteyo predi Julia pral pase bò kote zile San Andres ak Providencia nan Kolonbi anvan li frape Nikaragwa bonè Dimanch.

Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro di gouvènman li an ap pare abri pou moun kap viv sou zile sa yo.

XS
SM
MD
LG