Accessibility links

Breaking News

Yon Politisyen Chinwa Kritike Sanksyon Lwès la Pandan Yon Vizit nan Larisi

FILE - Russian President Vladimir Putin, right, and Chairman of National People's Congress Li Zhanshu pose for a photo prior to their talks on the sideline of the Eastern Economic Forum in Vladivostok, Russia, Sept. 7, 2022.

Medya leta Chinwa yo di pi gwo lejislatè nan Lachin denonse sanksyon l Oksidan pran kont Larisi pandan yon vizit li te fè nan Larisi.

Ajans nouvèl ofisyèl Xinhua di Li Zhanshu te mande pi gwo koperasyon pou goumen kont "entèferans ekstèn, sanksyon ak jiridiksyon bra long," nan yon reyinyon li genyen ak plizyè palmantè Ris.

Li te rankontre ak Prezidan Ris Vladimir Putin, anvan yon rankont ki gen pou fèt mwa sa a ant Putin ak Prezidan Chinwa Xi Jinping nan yon rasanbleman rejyonal nan Ouzbekistan.

Rankont sa se pral premye vwayaj Xi fè andeyò Lachin depi pandemi an te kòmanse nan kòmansman ane 2020.

Xinhua te di ke Larisi tou te apiye kondanasyon peyi te fè apre dènye vizit Prezidan La Chanm depite Ameriken Nancy Pelosi, nan zile Taiwan ke Lachin menase pou l anèkse pa fòs.

XS
SM
MD
LG