Accessibility links

Breaking News

Siklon Hinnamnor Ravaje Kore di Sid


Yon gwo vag ke yon Typhoon Hinnamnor koze nan Busan, Kore di Sid, 6 Sept. 2022.
Yon gwo vag ke yon Typhoon Hinnamnor koze nan Busan, Kore di Sid, 6 Sept. 2022.

Yon siklon pwisan anpil frape Kore di Sid epi lage 3 pye lapli sou peyi a, detwi wout, epi fil elektrik nan rejyon sid peyi a.

Apepre 20,000 pa gen kouran, e dè milye moun oblije kouri kite kay yo pou al nan morn yo.

Siklon Hinnamnor pase bo kote zile Jeju kote moun renmen al pase vakans e li monte sou tè tou pre vil Busan ki sitye bo lanmè. Li tap deplase nan direksyon nodès la ak yon vitès 89 mil alè Madi.

Yon gwo vag ke yon Typhoon Hinnamnor koze nan Pohang, Kore di Sid, 6 Sept. 2022.
Yon gwo vag ke yon Typhoon Hinnamnor koze nan Pohang, Kore di Sid, 6 Sept. 2022.

Meteyorolojis yo di li pwal pwoche bo kote rejyon ès Lachin pi ta semèn sa a.

Otorite Sid Koreyen yo mete peyi a ann eta d'alèt e li lanse avètisman pa rapo ak inondasyon ak glisman teren.

Pandansetan ponpye yo tap eseye etenn dife ki pete nan izin prensipal asye peyi a, men li poko klè si se tanpèt la ki koze dife sa a.

XS
SM
MD
LG