Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Kriye Viktwa sou COVID-19, Blame Kore di Sid


Foto Achiv: Moun gade yon ekran televizyon kote yon emisyon nouvel ap pase ki bay detay sou sityasyon COVID la nan Kore Di No, nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid.
Foto Achiv: Moun gade yon ekran televizyon kote yon emisyon nouvel ap pase ki bay detay sou sityasyon COVID la nan Kore Di No, nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid.

Sè lidè Kore Di Nò a di misye te gen lafyèv pandan li tap gide peyi a pou ede'l soti anba pandemi kowonaviris la.

Nan yon diskou li pwononse devan plizyè milye Nò Koreyen, li blame rival peyi a, Kore di Sid pou pandemi a e li sèmante pou'l pran revanch pou sa.

Foto Achiv: Yon pwofese pran tanperati yon elev lekol pandan yap eseye jere pandemi kowonaviris la nan yon lekol prime nan Pyongyang, kapital Kore di No.
Foto Achiv: Yon pwofese pran tanperati yon elev lekol pandan yap eseye jere pandemi kowonaviris la nan yon lekol prime nan Pyongyang, kapital Kore di No.

Kim Yo Jong, yon responsab ki gen anpil pouvwa e ki jere relasyon ant 2 Kore yo, te chante lwanj lideship frè li pandan pandemi a. Li dekri siksè peyi a ranpote sou viris la tankou yon "mirak mèveye" nan domèn sante piblik global la.

Ekspè yo kwè anons viktwa sa a siyale Kim Jong Un (lide Kore di No) gen entansyon pouse pou pi devan ak lòt priyorite e yo gen kè sote komante se li yo se yon avètisman ke yap pare pou lanse yon lòt misil nikleyè.

XS
SM
MD
LG