Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Sid Pral Leve Entèdiksyon kont Televizyon Kore di Nò, Jounal


Foto Achiv: Yon gason mache bo kote yon seri televizyon kap difize yon emisyon nouvel, nan vil Seoul, kapital Kore di Sid.
Foto Achiv: Yon gason mache bo kote yon seri televizyon kap difize yon emisyon nouvel, nan vil Seoul, kapital Kore di Sid.

Kore di Sid di li gen entansyon leve entèdiksyon ki an plas depi plizyè dizèn lane e ki anpeche piblik la gen aksè ak Televizyon, jounal, ak lòt medya Kore di Nò yo. Anons sa a tonbe nan kad jefò peyi a ap fè pou pwomouvwa konpreyansyon ant 2 rival yo.

Nan yon rapò sou politik Prezidan Yoon Suk Yeol resevwa Vandredi, Ministè Inifikasyon Kore di Sid la te di li pral louvri o fi e a mezi, pòt la pou emisyon Nò Koreyen yo ak lòt medya e ke li pral ankouraje Kore di Nò fè mèman parèyman.

Ekspè yo di Kore di Nò pwobableman pap fè menm jan an paske kontni kiltirèl Sid Korenen ak lòt nouvèl taka poze yon menas pou lidèship sèl kòk chante li a.

XS
SM
MD
LG