Accessibility links

Breaking News

Biden Diskite Ikrèn, Kore di Nò ak Tokay li


Prezidan Joe Biden (mitan) rankontre ak Prezidan Kore di Sid, Yoon Suk Yeol, a goch, epi Premye Minis Japone a Fumio Kishida, a dwat pandan rankont o some LOTAN an nan vil Madrid, peyi Espay, 29 Jyen 2022.
Prezidan Joe Biden (mitan) rankontre ak Prezidan Kore di Sid, Yoon Suk Yeol, a goch, epi Premye Minis Japone a Fumio Kishida, a dwat pandan rankont o some LOTAN an nan vil Madrid, peyi Espay, 29 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden rankontre Sekrete Jeneral L'OTAN, Jens Stoltenberg Mekredi nan Madrid, kote lide mondyal yo rasanble pou rankont o some Alyans Trete Atlantik Nò a.

Se Etazini ki responsab pou pi fò pwisans milite LOTAN. Biden di lide yo ap voye yon mesaj kle.

" Nan Some sa a tout alyans la ap akeyi Fenland ak La Swed. Se yon aplikasyon istorik yo fe pou vinn manm alyans la e desizyon an wetire yo sou lis peyi net - ki se tradisyon yo - epi antre yo nan alyans LOTAN an ki pral ba nou plis fos ak plis sekirite. Nap voye yon mesaj kle nan opinyon pa m ki se LOTAN pwisan, inifye e mezi nap pran yo pandan rankont sa a pral ogmante pi plis pwisans kolektif nou," Biden deklare.


Biden anonse entansyon'l pou'l ogmante prezans milite Etazini ann Ewop.

Some a ap dewoule nan moman l'Ewop ap fe fas ak yon kriz e kestyon finansman an ki se yon kestyon sansib sou kalandriye a tou.

Pandan jounen an Biden rankontre tou prezidan La Tiki, Recep Tayyip Erdogan kote li remesye'l pou travay lap fe pou ede transpote sereyeal ak ble soti nan Ikren.

" Mesi deskee ou fe efo pou'w vini isit la. Mwen vle remesye'w an patikilye pou sa ou fe pou kole tete ansanm ak nou vizavi sityasyon Fenland ak la Swed epi pou tout gwo jefo enkwayab wap fe pou transpote sereyal soti Ikren ak la Risi. Wap fe yon bon travay . Mwen vle remesye'w pou sa," Biden deklare.


" Misye le Prezidan mwen ta renmen eksprime plezi mwen pou'n rankontre'w anko apre yon paket tan. An patikilye rankont LOTAN sa a se yon some ki chaje ak diskisyon. Mwen kwe nap gen opotinite tounen nan peyi nou ak kek akonplisman. Se poutet sa mezi Etazini pran yo pral kontribye a jefo kap fet pou ranfose LOTAN sitou ak sakap pase ant La Risi ak Ikren," Erdogan deklare.

Pi bone Mekredi, Biden te rankonre ak lide Japon ak Kore di Sid. Alyans LOTAN an ap chache ranfose lyen yo ak rejyon Endo-Pasifik la epi fe fas ak defi La Chin poze.

Biden, Prezidan Kore di Sid Yoon Suk Yeol ak Premye Minis Japone a Fumio Kishida te diskite sou pwogram misil balistik Kore di No yo, ke Biden di enkyete'l anpil.

"Kowoperasyon trilateral nou an esansyel pou atenn objektif nou pataje ki gen ladann de-nikleya-rizasyon Preskil Koreyen an ak yon Endo-Pasifik ki lib e ouve. Mwen kontan gen opotinite diskite sou sa pi plis epi ranfose alyans nou," Biden deklare. "Mwen gen anpil ke sote ke Kore di No kontinye lanse misil balistik epi petet ap ranje ko'l pou'l fe yon ese nikleye. Mwen kontan rankont sa a ap dewoule nan moman LOTAN ap fe yon rakont Istorik kote pou premye fwa patne nou yo Ostrali, Japon Nouvel Zeland ak Repiblik Kore a ap asiste some a epi pote kole ak nou nan jefo pou fe La Risi pran responsabilite pou lage brital san pwovokasyon li lanse nan Ikren nan. Nou detemine pou'n defann lod entenasyonal la."


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy te adrese some a tou pa viziyo konferans kote li di Ikren bezwen $5 milya pa mwa pou defann tet li.

Li di li bezwen zam tou pou elimine avantaj La Risi genyen sou li, o pwen'd vi atiyri.

Rankont o some LOTAN an ap pran fen Jedi.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters.

XS
SM
MD
LG