Accessibility links

Breaking News

Militѐ Ris yo Ap Fonse sou Sant Vil Sievierodonetsk


Yon mesye enspekte twa yon lopital ki sibi domaj pandan yon atak nan Donetsk, nan rejyon es Ikren, Madi 14 Jyen 2022.
Yon mesye enspekte twa yon lopital ki sibi domaj pandan yon atak nan Donetsk, nan rejyon es Ikren, Madi 14 Jyen 2022.

Otorite yo nan Ikrѐn fѐ konnen madi fòs militѐ ris yo detrui dѐnye pon ki te mennen nan vil Sievierodonetsk nan lѐs peyi a; konsa yo koupe wout ki ta p sѐvi pou evakye sivil ki rete toujou nan pati lѐs vil la, yon zòn ki reprezante pwen santral batay ki dewoule nan semѐn ki pase yo.

Nan yon mizajou lame Ikrѐn nan prezante sou konfli a, li di fos ris yo t ap “eseye ranfòse pozisyon yo nan sant vil la.”

Majistra kominal Sievierodonetxk la, Oleksander Stryuk, deklare malgre efò sòlda ris yo ap fѐ pou yo pran vil la daso, lame ikrenyѐn nan “ap kenbe fѐm.”

Dapre yon otorite ikrenyen, sòlda ris yo rive nan mitan vil la e yo kontinye bonbade yon izin chimik kote y ap vide gwo koutzam sou plizyѐ santѐn sòlda ak sivil.

Prezidan ikrenyen a, Volodymyr Zelenskyy, fѐ konnen batay pou pwovens Donbas la “san di pѐtѐt, pral pase nan listwa militѐ kòm youn nan batay ki pi vyolan ki dewoule sou kontinan ewopeyen an. Pou sa k konsѐne nou, batay sa a koute yon pri ki elve anpil. Se yon bagay ki bay kѐsote.”

Yon konseye Zelenskyy, Mykhailo Podolyak, ki t ap abòde sitiyasyon an lendi, deklare Ikrѐn ap ret tann yon desizyon sou plis ѐd militѐ nan moman delege peyi manm yon Gwoup Kontak ki gen Lѐzetazini nan tѐt li pral patisipe nan yon rankont mѐkredi nan katye jeneral LOTAN an nan Briksѐl. Podolyak ajoute sou paj Twitter li:

“Pou n mete fen nan lagѐ a, nou bezwen gwo zam lou tankou zam ris yo.” Li site plizyѐ kategori zan –pami yo gen 1000 howitzers, 300 sistѐm lans wòkѐt miltip, 500 tank, 2 mil machin blende avѐk mil dwòn.

XS
SM
MD
LG