Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kore di Sid Padone Lidè Samsung nan


Foto Achiv: Vis Prezidan Samsung Electronics, Lee Jae-yong, mitan, rive nan tribinal distri santral Seoul la nan vil Seoul, Kore di Sid, 8 Jyen 2020.
Foto Achiv: Vis Prezidan Samsung Electronics, Lee Jae-yong, mitan, rive nan tribinal distri santral Seoul la nan vil Seoul, Kore di Sid, 8 Jyen 2020.

Prezidan Kore di Sid Yoon Suk-yeol akode Vis Direktè Samsung Electronics, Jay Y. Lee yon padon. Prezidan di li fè sa pou ede peyi a soulaje yon "kriz ekonomik nasyonal", dapre sa Ministè Jistis Kore di Sid la deklare Vandredi.

Padon an lajman senbolik paske Lee deja gen libète sou pawol apre li finn pase 18 mwa nan prizon pou chantaj ki gen rapo ak peryod li te pase kom direktè pi gwo konpayi telefon entelijan ak pus memwa nan mond lan.

Sepandan sa vle di Lee ap kapab reprann aktivite komèsyal li yo libreman epi pare chemen an pou kèk gwo avans pou Samsung, dapre yon analis.

Minis Jistis Hand Dong Hoon deklare pandan yon konferans pou laprès "Pwiske gen bezwen dijans pou rezoud kriz ekonomik nasyonal la, nou te chwazi ak anpil swen, lidè ekonomik ki ka dirije kwasans ekonomik nou ak envestisman aktiv nan teknoloji, epi kreyasyon djob, pou nou padonen.

XS
SM
MD
LG