Accessibility links

Breaking News

Fanatik Prensès Diana Rasanble pou Make Lanmò li sa gen 25 an

Moun flote drapo britanik la devan Pale Kensington nan pandan yap rann omaj a memwa Prenses Diana ki mouri nan yon aksidan oto nan vil Paris, 31 Out 1997. Sa fe 25 an jou pou jou depi prenses la mouri.

Fanatik defen Prensès Diana d'Angletè rann omaj ak li devan Palè Kensington nan kote li te abite a l'okazyon 25èm anivèsè lanmò li nan yon aksidan otomobil nan vil Paris.

Yon aranjman flè blan ki eple "Princess Diana" te antoure ak foto epi mesaj admiratè yo kite pou li Mèkredi. Gen kèk nan yo ki di yo vini chak ane pou make trajedi a.

Diana te mouri 31 Out 1997, a laj de 36 zan. Tout moun te sezi atravè mond lan paske anpil moun te santi yo te konnen prensès la apre yo te wè'l simonte divès obstak ke li te oblije jere devan piblik la. Vizaj li te difize nan televizyon epi enprime nan magazin ak jounal pandan 17 an.

Fanatik ki te rasanble devan Palè Kensington nan Mèkredi raple gwo montay bouke flè moun te kite pou Diana apre lanmò li.

XS
SM
MD
LG