Accessibility links

Breaking News

Biden Tanmen Vakans Ete li ak Fanmi ni nan Kawolin di Sid

Prezidan Joe Biden, mitan, salye moun sou pis aterisaj la anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, ak pitit gason ni, Hunter Biden, pitit pitit li, Beau Biden, premye dam Jill Biden ak bel fi li Melissa Cohen, 10 Out, 2022.

Prezidan Joe Biden rive Kawolin di Sid pou'l tanmen sa ki sipoze yon vakans 7 jou ak fanmi ni.

Biden yo pral pase vakans yo sou zile Kiawah, ki gen renome pou plaj prive li ak yon teren golf. Yo sipoze rete jiska Madi, dapre avètisman Administrasyon Aviyasyon Federal la pibliye.

Lamezonblanch pa reponn demann Associated Press fè pou detay sou skedil fanmi Biden nan pandan vakans la ni aktivite li yo, ni kilè li gen entansyon tounen Washington.

Pandan Biden nan eta Kawolin di Sid, La Chanm dè Reprezantan sipoze vote pou apwouve yon seri pwojè lwa ki gen anpil nan priyorite li yo ladann - pami yo pi gwo envestisman gouvènman Ameriken an janm fè nan listwa pou yon pwogram pou konbat chanjman klimatik. Li gen yon valè apepre $369 milya dola.

XS
SM
MD
LG