Accessibility links

Breaking News

Demokrat nan Sena a Adopte yon Pwojè-Lwa sou Bidjè a, Yon Viktwa pou Biden


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden travese gazon Lamezonblanch la pou'l monte nan elikopte prezidansyel la Marine One nan Washington, 7 Out 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden travese gazon Lamezonblanch la pou'l monte nan elikopte prezidansyel la Marine One nan Washington, 7 Out 2022.

Sena Ameriken an apwouve yon gwo pwojè-lwa ekonomik Demokrat yo te prezante pandan ane a ki se yon ane elektoral.

Lejislasyon an pa vize osi lwen ke sa Prezidan Joe Biden te anvizaje pou peyi a. Sepandan, li gen ladan l pwojè ki koresponn ak rèv Pati Demokrat la genyen pou l ralanti rechofman planèt la, tabli pri modere pou medikaman yo epi enpoze taks sou gwo konpayi yo.

Deba yo te tanmen samdi e yo te kontinye jiska dimanch apremidi. Demokrat yo te rive voye jete yon afè 3 douzèn jefò Repibliken yo te fè pou kraze pwojè lwa a.

Biden lanse apèl kounyea bay Chanm Bas la pou l mande depite yo pase a laksyon rapido presto, e sanble Chanm nan ap travay pou l bay konsantman final li lè palmantè yo va sòti nan vakans dete yo vandredi.

XS
SM
MD
LG