Accessibility links

Breaking News

Prezidan Joe Biden Akeyi Ofisyèlman Finland ak Swèd pou yo Antre nan Alyans l-OTAN

Predsednik SAD Džo Bajden potpisuje Protokol o pristupanju Švedske i Finske NATO-u, u društvu potpredsednice Kamale Haris, švedske ambasadorke Karin Olofsdoter i finskog ambasadora Mika Hautale, 9. avgust 2002.

Prezidan Joe Biden akeyi ofisyèlman Finland ak Swèd pou yo antre nan alyans l-OTAN an madi, kote li siyen enstriman ratifikasyon-yo ki moutre ke li dakò pou nasyon sa-yo nan nò Ewòp-la antre nan akò defans komen-an.

Sa antre nan kad refòm kap fèt nan sekirite Ewòp-la apre envazyon Ikrèn-nan. Se semèn pase-a Sena-a te apwouve kòm manm alyans-la 2 nasyon sa-yo ki te non-

aliye depi lontan, e vòt-la te soti 95 a 1, bagay ki pa fèt fasil.

Peyi sa-yo te chache antre nan l-OTAN ane sa-a pou yo garanti sekirite-yo apre Prezidan ris Vladimir Putin te anvayi Ikrèn. Tou le 30 manm Òganizasyon Trete Atlantik Nò-a-yo dwe bay konsantman-yo anvan pou Finland ak Swèd ka antre ofisyèlman nan alyans-la.

XS
SM
MD
LG