Accessibility links

Breaking News
Azi

Biden Pa Gen Kè Sote pou Egzèsis Militè Lachin Ozalantou Taiwan


Nan foto sa a ke ajans nouvel Xinhua pibliye, yon pilot aviyasyon Teyat Komann Es Lame Liberasyon Pep Chinwa a gade sakap pase pandan yon egzesis milite konjwen ozalantou zile Taiwan, Dimanch 7 Out, 2022.
Nan foto sa a ke ajans nouvel Xinhua pibliye, yon pilot aviyasyon Teyat Komann Es Lame Liberasyon Pep Chinwa a gade sakap pase pandan yon egzesis milite konjwen ozalantou zile Taiwan, Dimanch 7 Out, 2022.

Lachin fè konnen lap pwolonje egzèsis militè menasan lap mennen ozalantou Taiwan ki mete yon ola nan trafik bato ak avyon nan zon nan epi soulve gwo kè sote sou posibilite pou ta gen yon konfli.

Lidè militè yo di egzèsis yo gen ladann operasyon anti-soumaren, e sanble se ta revanj Lachin pou sipo Etazini ta bay Taiwan si ta gen yon envazyon Chinwaz.

Lachin di egzèsis li yo gen atak ak misil, bato de gè epi deplasman bato pou travèse lid medyan Detwa Taiwan nan. Peken di se repons li apre vizit Lidè La Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi sot fè nan zile a semèn pase a.

Prezidan Joe Biden pale ak lapres anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, pou'l al Kentucky pou fe konsta dega inondasyon fe nan eta a, Lendi 8 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden pale ak lapres anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, pou'l al Kentucky pou fe konsta dega inondasyon fe nan eta a, Lendi 8 Out, 2022.

Anvan li te monte nan avyon pou'l al Kentucky, jounalis yo te mande Prezidan Joe Biden si manèv Lachin yo ba li kè sote.

"Mwen gen ke sote dèske yap fè pakèt mouvman sa yo, Men m'pa kwè yap fè plis pase sa."

Kisa moun Taiwan panse de manèv sa yo? Reuters te pake ak kèk sitwayen.

Etidyan Eddison di: "Mwen kwe gen bon bagay ak move bagay nan vizit Pelosi a. Move kote a se ke li pi konplike pou ekspote byen nan Lachin kounyea, Kote pozitif la se nou gen atansyon le mond kounyea."

E moun La Chinn, kisa yo panse?

Li Weiming, yon sitwayen Chinwa ki abite Shanghai deklare: "Sa pa vle di nou dwe inifye Taiwan palafos tou swit. Pakse si ou fe sa eske ou pap pwouve sa moun ap di. Men ou paka rete chita bra kwaze non plis. Repons Lachin kounyea mwen kwe li apwopriye. Si gen yon lot egzsis konsa nan lavni se pap premye fwa e yo ka pa siprann moun. Nap senpman elaji espas nou an etap pa etap. Mwen pa kwe se yon mouve bagay."

Lachin pa okipe apèl plizyè peyi lanse ba li pou'l kalme tansyon yo, e pa gen okenn endikasyon pou kounyea, kilè li pral mete fen nan sa ki reprezante yon blokis.

XS
SM
MD
LG