Accessibility links

Breaking News

Lachin Kenbe Presyon sou Taiwan ak yon 4èm Jounen Egzèsis Militè


Yon travaye prepare yon onbrel pou touris yo sou yon plaj ki sitye sou Detwa Taiwan nan nan Pingtan, Pwovens es Lachin, Dimanch 7 Out, 2022.
Yon travaye prepare yon onbrel pou touris yo sou yon plaj ki sitye sou Detwa Taiwan nan nan Pingtan, Pwovens es Lachin, Dimanch 7 Out, 2022.

La Chinn lanse 4èm jounen konsekitif egzèsis militè li nan espas ayeryen ak lanmè ozalantou Taiwan, apre vizit Lidè La Chanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi te fè nan zile a.

Lachin kontinye pouse pou pi devan, malgre apèl kominote entènasyonal la lanse ba li pou mete dlo nan diven ni.

Lame Liberasyon Pèp la deklare egzèsis yo santre sou tès mitil long pòte li yo epi atak terès. Li pa di si li pral kontinye ak egzèsis sa yo apre Dimanch.

Taiwan di li kontinye detekte avyon, bato ak dron Chinwa kap simile atak kont zile a. Ajans nouvèl ofisyèl santral Taiwan nan rapòte lame a pral fè egzèsis militè ak bon jan atiyri nan Pingtung ki sitye nan sid la Madi ak Jedi pou reponn egzèsis Lachin yo.

Minis Sekirite Nasyonal Sengapour lal di tansyon sa yo gen move konsekans pou tout rejyon an.

XS
SM
MD
LG