Accessibility links

Breaking News

Lachin Kontinye ak Egzèsis Militè Li yo Toupre Taiwan


China Taiwan Military Exercises
China Taiwan Military Exercises

Malgre plizyè apèl peyi l'oksidan yo ak Japon lanse, Lachin anonse Lendi kontinyasyon egzèsis militè li yo tou pre Taiwan, toujou an repons a vizit Nancy Pelosi nan Taiwan yon zile ke Peken reklame kom teritwa pa li.

Jou apre ke Madam Pelosi, ki se prezidan Chanm depite Etazini an soti Taipei, lame Chinwaz la te lanse jedi egzèsis militè li yo toupre Taiwan ki te gen ladann gwo tire avek " vrè katouch " yo tap fè chante nan 6 gwo zòn.

Egzèsis sa yo, te dwe fini dimanch apre midi (04:00 GMT) dapre sa administrasyon sekirite maritim Chinwa a te di. Men, yo te deside kontinye yo.

Kòmandman lès lame Chinwaz la te di nan yon deklarasyon nan Lendi: "Lame Liberasyon Pèp la (...) kontinye ap fè egzèsis nan lanmè ak nan syèl alantou Taiwan.

Li pa presize nan ki zòn egzèsis sa yo ap fèt, oswa si yo se ap toujou kontinye fè vrè "katouch chante".

Egzèsis militè sa yo bay peyi G7 yo anpil kè sote (Etazini, Japon, Lafrans, Almay, Itali, Kanada, Wayòm Ini) dapre yo, vizit Pelosi a pa jistifye egzèsis militè sa yo.

XS
SM
MD
LG